Colossians 2:20
Se konsa, si nou mouri ansanm ak Kris la ki te delivre nou anba pouvwa lespri k'ap donminen nan lemonn yo, poukisa pou n'ap viv tankou si nou te toujou anba pouvwa ki nan lemonn yo? Poukisa pou nou kite yo soumèt nou anba prensip tankou sa ki di:
Bib La
In The King James Version
In Context
21pa pran sa, pa goute sa, pa manyen sa?
Cross References
John 15:19Si nou te moun lemonn, lemonn ta renmen nou, paske nou ta pou li. Men, mwen chwazi nou, mwen wete nou anba pouvwa lemonn. Se poutèt sa lemonn rayi nou: nou pa moun lemonn ankò.
Romans 6:2Non. Sa pa ka fèt. Poukisa? Paske annegad peche nou mouri. Ki jan pou n' ta ka kontinye ap viv toujou nan peche?
2 Corinthians 10:3M'ap viv koulye a nan yon kò tankou tout moun, se vre. Men, mwen p'ap goumen menm jan ak tout moun.
Galatians 4:3Nou menm tou, toutotan nou te tankou timoun, nou te esklav tout lide ki t'ap mennen lèzòm nan lemonn.
Galatians 6:14Pou mwen menm, mwen p'ap vante tèt mwen pou lòt bagay pase pou kwa Kris la. Paske, gremesi kwa sa a, mwen mouri pou lemonn, lemonn mouri pou mwen.
Colossians 2:8Fè atansyon pou nou pa kite pesonn twonpe nou ak bèl diskou filozòf yo, ak diskisyon ki pa vo anyen. Bagay sa yo soti nan koutim lèzòm, nan jan yo konprann bagay ki nan lemonn. Yo pa soti nan Kris la.