Colossians 2:19
Moun konsa p'ap viv ansanm ak Kris la ki tèt kò a. Se Kris la k'ap nouri tout kò a, k'ap kenbe l' byen kanpe ak tout jwenti l' ak tout venn li yo byen solid. Se li menm k'ap fè l' grandi jan Bondye vle l' la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 19:9Li fè yo ban m' move non. Li fè m' pèdi tout byen m'.
Luke 5:38Men, diven ki fenk fèt, sa dwe ale nan veso an po ki fenk fèt tou.
John 17:21M'ap lapriyè pou yo tout fè yon sèl. Papa, se pou yo tout fè yonn ansanm ak nou, menm jan ou menm ou nan mwen, mwen menm mwen nan ou. Se pou yo tout fè yon sèl pou moun ki nan lemonn yo ka kwè se ou ki te voye mwen.
Romans 11:17Pèp Izrayèl la tankou yon pye oliv kay. Yo koupe kèk branch soti ladan li. Ou menm ki pa jwif la, ou tankou yon branch pye oliv mawon yo grefe nan plas branch yo koupe yo. Kifè koulye a, se ou menm k'ap pwofite lèt rasin k'ap nouri pye oliv kay la.
1 Corinthians 1:10Frè m' yo, men sa m'ap mande nou, nan non Jezikri, Seyè nou an. Tanpri, mete nou dakò sou tout bagay. Pa kite divizyon mete pye nan mitan nou. Okontrè, se pou nou viv byen yonn ak lòt. Mete yon sèl lide nan tèt nou, se pou nou tout gen yon sèl pawòl.
1 Corinthians 10:16Gode benediksyon n'ap bwè a, lè nou fin di Bondye mèsi pou li, èske se pa san Kris la n'ap separe bay tout moun? Pen nou kase a, lè n'ap manje l', èske se pa kò Kris la n'ap separe bay tout moun?