Daniel 1:17
Bondye bay kat jenn gason sa yo konesans, lespri ak bon konprann pou yo te ka li tout kalite liv. Lèfini, li bay Danyèl don pou l' te konprann sans tout kalite vizyon ak tout kalite rèv.
Bib La
In The King James Version
In Context
16Depi lè sa a, gad la pa t' ba yo manje ak diven wa a te bay pou yo a, li ba yo legim pito.
18Apre tan wa a te fikse a fin pase, Achpenaz mennen tout jenn gason yo bay wa Nèbikadneza.
Cross References
Genesis 41:8Nan maten, li te boulvèse anpil, li voye chache dènye divinò ak nèg save ki nan peyi Lejip la. Li rakonte yo rèv la, men yo yonn pa t' kapab esplike rèv la ba li.
Numbers 12:6Li di yo konsa: -Tande byen sa m'ap di nou la a. Lè gen yon pwofèt nan mitan nou, se nan vizyon mwen fè l' wè mwen, se nan rèv mwen pale avè l'.
1 Kings 3:28Lè pèp Izrayèl la tande jan Salomon te regle kont lan, yo vin gen anpil respè pou li, paske yo te wè se Bondye menm ki te ba li bon konprann sa a pou regle tout bagay san patipri.
2 Chronicles 1:10Se poutèt sa, ban mwen konesans ak bon konprann pou m' ka gouvènen pèp sa a. Si se pa sa, mwen pa wè ki jan m'a fè pou m' gouvènen pèp ou a ak tout moun sa yo ladan l'.
2 Chronicles 26:5Pandan toutan Zakari te la pou moutre l' jan pou l' gen krentif Bondye a li t'ap sèvi Seyè a san mank. Pandan tout tan li t'ap sèvi Seyè a, Bondye te fè zafè l' mache byen.
Psalms 119:98Kòmandman ou yo fè m' gen plis konprann pase lènmi m' yo. Kòmandman ou yo nan kè m' tout tan.