Daniel 1:8
Danyèl te pran desizyon nan kè l' pou l' pa t' manyen ni manje ni diven yo sèvi nan palè wa a pou l' te ka toujou nan kondisyon pou l' sèvi Bondye l'. Se konsa, li al jwenn kòmandan nèg konfyans wa a, li mande l' pèmisyon pou l' pa blije manje manje sa yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
9Bondye fè Achpenaz, kòmandan nèg konfyans wa a, te renmen Danyèl, san l' te ale avè l'.
Cross References
Leviticus 11:45Se mwen menm, Seyè a, se mwen menm ki te mennen nou soti kite peyi Lejip pou m' te ka Bondye nou. Wi, se pou nou viv apa pou mwen, paske mwen se yon Bondye apa.
Ruth 1:17Kote w'a mouri a, se la m'a mouri tou. Epi se la y'a antere m' tou. Mwen mande Seyè a pou l' ban mwen pi gwo madichon ki ka genyen, si se pa lanmò ki pou separe nou.
Psalms 106:28Men, pèp Bondye a mete tèt yo ansanm pou y' al adore Baal lavil Peyò. Yo manje bèt yo te touye ofri bay mò yo.
Psalms 119:115Wete kò nou sou mwen, bann mechan, pou m' ka obeyi kòmandman Bondye mwen an.
Ezekiel 4:13Seyè a te di ankò: -Se konsa moun pèp Izrayèl yo pral manje manje lalwa defann yo manje, lè m'a gaye yo nan mitan lòt nasyon yo.
Hosea 9:3Pèp Izrayèl la p'ap rete nan peyi Seyè a. Moun Efrayim yo ap tounen peyi Lejip ankò. Yo pral manje nan peyi Lasiri manje yo pa te gen dwa manje.