Leviticus 11:45
Se mwen menm, Seyè a, se mwen menm ki te mennen nou soti kite peyi Lejip pou m' te ka Bondye nou. Wi, se pou nou viv apa pou mwen, paske mwen se yon Bondye apa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 6:7M'ap adopte nou pou pèp mwen, mwen menm m'a Bondye nou. N'a konnen se mwen menm Seyè a, Bondye nou an, ki ban nou libète nou, ki wete nou nan travay di moun peyi Lejip yo ap fòse nou fè a.
Exodus 20:2-Se mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, ki te fè nou soti nan peyi Lejip kote nou te esklav la.
Leviticus 11:44Se mwen menm Seyè a ki Bondye nou. Se pou nou kenbe kò nou yon jan pou nou viv apa pou mwen, paske mwen menm se yon Bondye apa mwen ye. Pa kite ankenn ti bèt k'ap trennen sou vant mete nou nan kondisyon pou nou pa ka sèvi m'.
Leviticus 19:36N'a toujou gen bon balans, bon pwa, bon lòn, bon mezi. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Se mwen menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip!
Leviticus 22:33Se mwen menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip pou m' te ka Bondye nou. Se mwen menm ki Seyè a!
Leviticus 26:45Men, m'a fè pa yo, m'a chonje kontra mwen te pase avèk zansèt yo lè mwen te fè yo soti kite peyi Lejip devan je moun lòt nasyon yo pou m' te ka Bondye yo. Se mwen menm ki Seyè a!