Daniel 10:11
Zanj lan di m' konsa: -Danyèl, ou se yon moun Bondye renmen anpil. Kanpe non! Louvri zòrèy ou pou ou tande sa mwen pral di ou. Se Bondye ki voye m' kote ou. Lè li fin di m' sa, mwen leve kanpe, men m' t'ap tranble toujou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 37:1Lè konsa, kè m' ap bat. M' santi l'ap rache.
Song of Solomon 7:10Se pou mennaj mwen mwen ye! Se mwen menm li anvi.
Daniel 8:16Mwen tande yon vwa moun ki soti lòt bò larivyè Oulayi a ki t'ap di: -Gabriyèl! Esplike nonm sa a vizyon an non!
Daniel 9:23Depi lè ou te fèk konmanse ap lapriyè nan pye Bondye a, li te gen tan reponn ou. Se mesaj sa a mwen vin fè ou konnen. Ou se yon moun Bondye renmen anpil. Koulye a, louvri zòrèy ou pou ou ka konprann sans vizyon an byen.
Daniel 10:19Epi li di m': -Ou pa bezwen pè. Ou se yon moun Bondye renmen anpil. Pa kite anyen fatige lespri ou, ni fè ou pèdi kouraj ou! Lè li di m' sa, mwen santi mwen vin gen plis fòs. Mwen di li: -Mèt, ou fè m' vin gen fòs. Di m' sa ou gen pou di m' lan non!
John 13:23Yonn nan disip yo, sa Jezi te renmen an, te chita kòtakòt avèk li.