Daniel 10:12
Li di m' konsa: -Ou pa bezwen pè, Danyèl. Bondye te tande lapriyè ou la depi premye jou ou te pran desizyon soumèt ou devan Bondye ou pou ou te ka rive gen bon konprann. Se poutèt lapriyè ou la mwen vin ba ou repons Bondye a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 16:29Men regleman pou nou fè tout tan tout tan jouk sa kaba. Sou dizyèm jou nan setyèm mwa a, tout moun pèp Izrayèl yo ansanm ak tout moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo va fè jèn, yo p'ap fè ankenn travay jou sa a.
Numbers 29:7Dizyèm jou setyèm mwa a, n'a reyini tout moun pou yo vin fè sèvis pou Bondye. Jou sa a, tout moun va rete san manje. Pesonn p'ap gen dwa fè okenn travay.
Isaiah 35:4Pale ak moun ki dekouraje yo. Di yo konsa: Pran kouraj! Pa pè! Men Bondye nou an ap vini! Li pral tire revanj sou lènmi nou yo, li pral fè yo peye sa yo fè. Se limenm menm ki pral fè sa pou l' ka delivre nou.
Isaiah 41:14Nou menm fanmi Jakòb yo, moun Izrayèl yo, nou te mèt piti tankou yon vètè, fèb tankou yon cheni, nou pa bezwen pè. Se mwen menm k'ap ede nou, mwen menm, Bondye pèp Izrayèl la, ki yon Bondye apa. Se mwen menm k'ap delivre nou. Se Seyè a menm ki di sa!
Isaiah 65:24Anvan menm yo fin lapriyè, m'ap gen tan reponn yo. Anvan menm yo fèmen bouch yo, m'ap gen tan ba yo sa yo mande a.
Daniel 9:20Mwen t'ap pale toujou nan lapriyè a, mwen t'ap rekonèt peche m' yo ak peche pèp Izrayèl la, pèp mwen an devan Bondye. Mwen t'ap mande Seyè a, Bondye mwen an, gras mizèrikòd pou mòn ki apa pou li a.