Daniel 10:9
Lè m' tande vwa li menm, mwen tonbe fas atè, mwen pèdi konesans.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 2:21Lè sa a, Seyè a, Bondye a, fè dòmi pran nonm lan. Msye dòmi nèt ale. Pandan l'ap dòmi an, Bondye louvri bò kòt li, li wete yon zo kòt. Apre sa, li fèmen twou a byen fèmen.
Job 4:13Tankou yon move rèv nan mitan lannwit, li mete yon bann vye lide nan tèt mwen. M' pa ka dòmi tèlman mwen pè.
Song of Solomon 5:2Mwen t'ap dòmi, men kè m' t'ap veye. Mwen tande mennaj mwen k'ap frape nan pòt la. Louvri pou mwen, tanpri, sò mwen, fiyanse m', toutrèl mwen, bèl nègès mwen! Seren mouye tout tèt mwen. Tout cheve m' plen dlo lawouze.
Habakkuk 3:16Mwen tande tou sa. Vant mwen bouyi! Lè m' tande tout bri sa yo, bouch mwen pran tranble. Tout zo nan kò m' ap fè m' mal. M' pa ka kanpe sou janm mwen ankò! Mwen rete byen trankil, m'ap tann jou malè a rive, jou Bondye pral mache pran moun k'ap chache nou kont yo.
Luke 22:45Apre li fin lapriyè, li leve, li vin bò kot disip yo; li jwenn yo ap dòmi sitèlman yo te nan lapenn.