Song of Solomon 5:2
Mwen t'ap dòmi, men kè m' t'ap veye. Mwen tande mennaj mwen k'ap frape nan pòt la. Louvri pou mwen, tanpri, sò mwen, fiyanse m', toutrèl mwen, bèl nègès mwen! Seren mouye tout tèt mwen. Tout cheve m' plen dlo lawouze.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 29:20Se konsa Jakòb pase sètan ap travay kay Laban pou l' te ka marye ak Rachèl. Sèt lanne yo te pase tankou dlo, paske li te renmen ti fi a.
Psalms 24:7Wete lento pòt yo! Louvri batan pòt yo gran louvri pou wa ki gen pouvwa a ka antre!
Psalms 119:1Ala bon sa bon pou moun k'ap mennen yon lavi san repwòch, pou moun k'ap mache dapre lalwa Seyè a!
Song of Solomon 2:8Mwen tande vwa mennaj mwen! Men l'ap vini. Li soti sou mòn yo, l'ap kouri desann timòn yo vin jwenn mwen.
Song of Solomon 2:14Ti toutrèl mwen, ou kache nan fant wòch yo, anba gwo wòch byen wo yo. Moutre m' ti figi ou non! Fè m' tande vwa ou. Ala bèl ti figi ou bèl! Ala dous vwa ou dous!
Song of Solomon 4:7Ou pa manke bèl, anmòrèz mwen! Depi nan pwent zòtèy ou jouk nan pwent cheve ou, ou san defo!