Daniel 11:12
L'ap kraze gwo lame wa Siri a. Li pral gonfle lestonmak li, l'ap fè touye anpil sòlda. Men, apre sa, l'ap pèdi fòs li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 8:14pa kite lògèy vire tèt nou pou nou bliye Seyè a, Bondye nou an, ki te fè nou soti kite peyi Lejip kote yo te fè nou tounen esklav la.
2 Chronicles 25:19Amasya, ou di ou kraze moun peyi Edon yo, koulye a, ou kite lògèy vire tèt ou. Men pito ou rete chita lakay ou tande! Poukisa pou w'ap chache traka bay kò ou epi pou sa pase mal ni pou ou, ni pou peyi Jida a?
2 Chronicles 32:25Men, Ezekyas kite lògèy vire tèt li, li refize di mèsi pou sa Seyè a te fè pou li. Se konsa, Seyè a move ni sou li, ni sou peyi Jida, ni sou lavil Jerizalèm.
Isaiah 10:7Men, wa peyi Lasiri a pa t' wè bagay la konsa. Se pa konsa li te konprann li. Paske lide li te met nan tèt li se kraze brize, se disparèt anpil anpil nasyon.
Ezekiel 28:5Ou gen anpil ladrès nan fè kòmès, ou fè anpil lajan. Ou kite richès ou yo vire tèt ou.
Daniel 5:19Bondye te sitèlman ba li pouvwa, tout pèp, moun tout ras, moun ki pale tout kalite lang te pè l'. Yo te tranble devan l'. Li te touye moun li vle, li te kite moun li vle viv. Li moute moun grad, li desann moun grad jan li vle.