Daniel 5:19
Bondye te sitèlman ba li pouvwa, tout pèp, moun tout ras, moun ki pale tout kalite lang te pè l'. Yo te tranble devan l'. Li te touye moun li vle, li te kite moun li vle viv. Li moute moun grad, li desann moun grad jan li vle.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 25:28Evilmewodak te sèvi byen avè l', li ba l' premye plas nan mitan tout lòt wa yo te depòte lavil Babilòn tankou l' yo.
Ecclesiastes 8:3Pa prese wete kò ou devan li, pa pèsiste nan move pant lan, paske li ka fè ou sa li vle.
Jeremiah 27:5-Se mwen menm avèk gwo kouraj mwen epi ak fòs ponyèt mwen ki fè latè ansanm ak tout moun ak tout bèt k'ap viv sou latè. Mwen pran yo bay moun mwen vle.
Daniel 3:4Yonn nan moun ki te konn fè piblikasyon yo pran pale byen fò, li di: -Nou menm moun tout nasyon, moun tout ras ki pale tout kalite lang, men lòd yo ban nou.
Daniel 3:20Lèfini, li mande pou kèk sòlda ki pi gwonèg nan lame li a vin mare Chadrak, Mechak ak Abèdnego byen mare, apre sa pou lage yo jete nan gwo fou tou limen an.
Daniel 4:19Lè sa a, Danyèl ki te rele Beltechaza tou, rete yon bon ti tan li pa di anyen, paske tèt li te boulvèse. Wa a di l' konsa: -Beltechaza monchè, pa kite rèv la ak esplikasyon l' lan boulvèse tèt ou! Beltechaza reponn: -Monwa, mwen ta swete rèv la ak tout esplikasyon l' lan pa pou ou, men pou lènmi ou yo, pou moun ki pa vle wè ou yo.