Daniel 11:18
Lèfini, l'ap pase nan lanmè, l'ap atake lòt nasyon sou zile yo. L'ap pran anpil ladan yo. Men, yonn nan chèf lòt nasyon yo pral rete l' sou kous li. L'ap fè l' sispann fè awogan. L'ap fè awogans wa a tounen sou tèt wa a ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 10:4Se Javan ki te papa Elicha, Tasis, Kitim ak Wodanim.
Esther 10:1Wa Asyeris te bay lòd pou tout moun ki rete nan peyi a, ata moun nan zile yo, peye yon lajan.
Jeremiah 2:10Ale bò solèy kouche, rive jouk sou zile Chip. Voye moun nan peyi Keda, bò solèy leve. N'a wè sa k'ap pase isit la pa janm rive lòt kote anvan sa.
Ezekiel 27:6Yo pran bwadchenn peyi Bazan pou fè zaviwon. Yo voye chache bwa sèd nan lil Chip pou fè pon an. Lèfini, yo plake moso ivwa sou tout pon an.
Zephaniah 2:11Seyè a pral fè yo pase pa yo. Li pral disparèt tout bondye moun sou latè yo ap sèvi. Lèfini, tout nasyon toupatou sou latè pral adore l', yo chak nan peyi pa yo.