Daniel 11:33
Chèf ki gen bon konprann yo va separe konesans yo ak pèp la. Men, pandan kèk tan yo pral pèsekite yo, y'ap touye yo nan batay. Yo pral boule yo nan dife jouk yo mouri. Y'ap depòte yo, y'ap piye tout zafè yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 32:3Je tout moun va louvri pou yo wè sa k'ap pase. Zòrèy tout moun va louvri pou yo konnen sa k'ap fèt nan peyi a.
Daniel 12:10Lè sa a, anpil moun pral pase anba soufrans yo te anonse a. Y'ap soti netwaye, lave, blanchi. Moun k'ap fè mechanste yo menm p'ap konprann anyen, y'ap toujou rete ap fè mechanste yo. Men, moun ki gen lespri ap konprann.
Malachi 2:7Se devwa prèt yo pou yo moutre moun sa Bondye ye. Moun al kote yo pou yo ka konnen sa Bondye mande yo fè. Paske se mesaje Seyè ki gen tout pouvwa a yo ye.
Matthew 13:11Jezi reponn yo: Nou menm, Bondye fè nou favè sa a pou nou konnen sekrè Peyi Wa ki nan syèl la. Men yo menm, yo pa resevwa favè sa a.
Matthew 20:23Jezi reponn yo: Se vre. n'a bwè nan gode m' lan. Men, kanta pou chita sou bò dwat osinon sou bò gòch mwen an, se pa mwen ki bay sa. Plas sa yo, Papa m' rezève yo pou moun li vle.
Matthew 28:20Moutre yo pou yo obsève tou sa mwen te ban nou lòd fè. Chonje sa byen: mwen la avèk nou toulejou, jouk sa kaba.