The Bible Software
bible.software › Daniel › Daniel 11 › Daniel 11:32

Daniel 11:32

Wa a ap fè moun ki te deja vire do yo bay kontra Bondye a pran pozisyon pou li, l'ap pran tèt yo ak bèl pawòl. Men, moun k'ap sèvi Bondye yo ap kanpe fèm, y'ap kenbe tèt avè l'.

Bib La

In The King James Version

And such as do wickedly against the covenant shall he corrupt by flatteries: but the people that do know their God shall be strong, and do exploits.

In Context

31L'ap voye sòlda nan lame li yo vin fè mete Tanp lan nan kondisyon pou moun pa ka sèvi Bondye ladan l' ankò. Y'ap aboli ofrann bèt yo te konn fè chak jou a, y'ap mete sa nou pa ta renmen wè a, bagay k'ap bay gwo lapenn lan chita byen wo nan Tanp lan.

33Chèf ki gen bon konprann yo va separe konesans yo ak pèp la. Men, pandan kèk tan yo pral pèsekite yo, y'ap touye yo nan batay. Yo pral boule yo nan dife jouk yo mouri. Y'ap depòte yo, y'ap piye tout zafè yo.

Read all of Daniel 11

Cross References

Nehemiah 4:14Lè m' wè pèp la te gen kè sote, mwen leve, mwen pale ak chèf yo ak majistra yo ak tout rès pèp la, mwen di yo: -Nou pa bezwen pè moun sa yo! Chonje jan Seyè a gen pouvwa, jan li fè moun pè l'. Ann goumen pou moun menm ras ak nou yo, pou pitit fi nou yo, pou pitit gason nou yo, pou madanm nou yo ak kay nou yo.

Proverbs 19:5Lè yon moun ap sèvi temwen nan tribinal, si li fè manti, yo gen pou yo pini l'. Pa gen rechap pou moun k'ap bay manti.

Jeremiah 31:34Pesonn p'ap bezwen moutre lòt moun nan peyi a kouman pou yo chache konnen Seyè a, paske yo tout ap konnen m', depi sa ki pi piti a jouk sa ki pi gran an. Se mwen menm Seyè a ki di sa. M'a padonnen sa yo fè ki mal, mwen p'ap chonje peche yo ankò. Se mwen menm Seyè a ki di sa.

Micah 7:15Seyè! Fè mèvèy pou nou jan ou te fè l' lè ou te fè nou soti kite peyi Lejip la!

Zechariah 10:3Seyè a di ankò: -Mwen ankòlè sou moun lòt nasyon k'ap gouvènen pèp mwen an. Mwen pral pini yo. Wi, mwen pral pran swen bann mouton m' yo, moun fanmi Jida yo. Mwen pral ba yo fòs kouraj pou yo sèvi m' tankou chwal frengan pou fè lagè.

Zechariah 12:3Lè sa a, m'ap fè lavil Jerizalèm tounen yon gwo wòch lou kou pwa senkant. Tout nasyon ki va chache leve l' va foule anba l'. Tout moun sou latè pral mete ansanm pou yo atake l'.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Daniel 11:32

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Daniel 11:31Daniel 11Daniel 11:33 →