Daniel 11:8
L'ap pran tout bondye moun yo ak estati an fè yo, ansanm ak tout veso fèt an ajan ak an lò yo te gen pou fè sèvis zidòl yo, l'ap pote yo desann nan peyi Lejip. Pandan kèk tan l'ap rete sou sa l' te fè a, li p'ap pwoche bò peyi Siri a.
Bib La
In The King James Version
In Context
9Wa peyi Siri a pral atake peyi Lejip. Men, l'ap blije kase tèt tounen lakay li.
Cross References
Exodus 12:12Jou lannwit sa a, m'ap pase nan tout peyi Lejip la, m'ap touye tout premye pitit gason ak tout premye pitit bèt yo ki nan peyi a. M'ap regle tout bondye peyi Lejip yo. Se mwen menm ki Seyè a.
Deuteronomy 12:3Se pou nou demoli tout lòtèl yo, se pou nou gaye tout pil wòch zidòl yo. Se pou nou rache tout poto Achera yo. Se pou nou boule tout zidòl yo pou moun pa janm chonje yo te konn fè sèvis pou bondye sa yo la ankò.
2 Samuel 5:21Moun Filisti yo te kouri kite zidòl yo dèyè nan plenn lan. David ak moun pa l' yo pran yo pote ale.
Isaiah 37:19Yo te boule tout bondye yo paske se pa t' bondye yo te ye. Se estati fèt an bwa ak wòch moun te fè ak men yo. Se poutèt sa yo te rive detwi yo.
Jeremiah 43:12L'a mete dife nan kay tout bondye moun peyi Lejip yo. L'ap boule bondye moun Lejip yo osinon l'a pran yo, l'a pote yo ale avè l'. Menm jan yon gadò mouton netwaye dènye vèmen ki nan rad li, konsa tou wa a pral piye peyi Lejip la kite l' blanch. Lèfini, l'ap vire do l' san pesonn pa di l' anyen.
Daniel 1:2Seyè a kite l' mete men sou wa Jojakim ak bonkou nan bagay yo te mete apa pou fè sèvis Bondye nan Tanp lan. Nèbikadneza mennen kèk prizonye avè l' nan tanp bondye pa l' yo lavil Babilòn. Lèfini li mete bagay li te pran yo nan depo tanp bondye pa l' yo.