The Bible Software
bible.software › Deuteronomy › Deuteronomy 12 › Deuteronomy 12:3

Deuteronomy 12:3

Se pou nou demoli tout lòtèl yo, se pou nou gaye tout pil wòch zidòl yo. Se pou nou rache tout poto Achera yo. Se pou nou boule tout zidòl yo pou moun pa janm chonje yo te konn fè sèvis pou bondye sa yo la ankò.

Bib La

In The King James Version

And ye shall overthrow their altars, and break their pillars, and burn their groves with fire; and ye shall hew down the graven images of their gods, and destroy the names of them out of that place.

In Context

2Nan peyi nou pral pran pou nou an, se pou nou kraze tout kote moun yo te konn sèvi bondye yo sou gwo mòn wo yo, sou ti bit mòn yo, anba pyebwa vèt yo.

4Nou pa fèt pou nou sèvi Seyè a, Bondye nou an, jan moun sa yo te konn sèvi bondye yo.

Read all of Deuteronomy 12

Cross References

Exodus 23:13Se pou nou swiv tou sa mwen sot di nou la a. Pa lapriyè lòt bondye, piga mwen tande non yo soti nan bouch nou.

Deuteronomy 7:5Men sa pou n' fè yo: Demoli tout lòtèl yo, kraze tout estati yo, rache tout poto Achera yo, boule tout zidòl yo.

1 Kings 15:13Li menm rive wete Maka, grann li, nan pozisyon manman larenn yo te ba li nan peyi a, paske Maka te fè yon vye estati pou Astate. Asa kraze estati a, li fè boule l' nan fon Sedwon an.

2 Kings 23:14Wa Jozyas kraze Poto Wòch yo, li koupe estati Achera, zidòl fanm lan. Li kouvri tout kote yo te ye a ak zosman moun.

2 Chronicles 14:3Li fè disparèt tout lotèl yo te bati pou bondye lòt nasyon yo ak tout kote yo te konn fè sèvis pou yo. Li fè kraze zidòl yo, li koupe estati Achera yo voye jete.

2 Chronicles 31:1Lè fèt la fini, tout moun pèp Izrayèl ki te la yo ale nan tout lavil pèyi Jida yo. Yo kraze moniman wòch yo, yo jete estati zidòl Achera yo, yo demoli dènye tanp ak lotèl kote yo fè sèvis pou zidòl yo. Yo mache fè sa nan tout peyi Jida a, nan peyi moun Benjamen, moun Efrayim ak moun Manase yo. Lèfini, tout moun pèp Izrayèl yo tounen lakay yo nan peyi pa yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Deuteronomy 12:3

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Deuteronomy 12:2Deuteronomy 12Deuteronomy 12:4 →