Daniel 2:39
Apre ou, va gen yon lòt pèp k'ap pran gouvènman an. Men, gouvènman wa li a p'ap ka wè devan pa ou la. Konsa tou apre sa, va gen yon twazyèm pèp k'ap pran gouvènman an ankò. Se va tankou kwiv devan lò ou la. Li menm tou, l'ap donminen sou tout latè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 44:28Mwen di wa Siris se li ki pral gouvènen pou mwen! Li pral fè tou sa m'a mande l' fè. Li pral bay lòd pou yo rebati lavil Jerizalèm, pou yo refè fondasyon tanp Bondye a.
Daniel 5:28Separe: yo pral separe peyi ki sou lòd ou a bay moun Medi yo ak moun Pès yo.
Daniel 7:6Antan m'ap gade toujou, yon lòt bèt parèt. Li te sanble ak yon leyopa, men li te gen kat zèl sou do li, tankou zèl zwezo. Li te gen kat tèt tou. Yo te ba li pouvwa sou tout bagay.
Daniel 8:3Mwen leve je m' gade, mwen wè yon belye mouton ki te kanpe bò larivyè a. Li te gen de kòn byen long ki pa t' pouse menm lè. Sa ki te pouse apre a te pi long pase premye a.
Daniel 8:21Bouk kabrit la menm se wa peyi Lagrès la. Gwo kòn ou te wè nan mitan je l' yo se te premye wa a.
Daniel 11:2Koulye a, mwen pral fè ou konnen verite a. Zanj lan di m' ankò: -Gen twa lòt wa ki gen pou gouvènen peyi Pès la ankò, yonn apre lòt. Apre sa, ap gen yon katriyèm wa k'ap pi rich pase tout lòt yo. Avèk richès li, l'ap chita pouvwa li byen chita, epi li pral atake gouvènman peyi Lagrès la.