Daniel 5:28
Separe: yo pral separe peyi ki sou lòd ou a bay moun Medi yo ak moun Pès yo.
Bib La
In The King James Version
PERES; Thy kingdom is divided, and given to the Medes and Persians.
In Context
27Peze: Li mete ou nan balans, li jwenn ou manke pèz.
Cross References
2 Chronicles 36:23-Mwen menm Siris, wa peyi Pès la, men lòd mwen bay: Seyè a, Bondye nan syèl la, te mete m' chèf sou tout peyi ki sou latè. Li ban m' reskonsablite pou m' bati yon Tanp pou li lavil Jerizalèm nan peyi Jida. Nou mande pou Bondye pèp sa a beni tout moun ki fè pati pèp Izrayèl la, pou yo moute lavil Jerizalèm.
Isaiah 21:2Mwen fè yon vizyon, mwen wè bagay ki pou bay gwo lapenn lan. Mwen wè moun k'ap trayi, moun k'ap kraze brize! Nou menm lame peyi Elam lan, moute al atake! Nou menm sòlda peyi Medi yo, al sènen lavil li yo! Bondye pral fè moun k'ap soufri anba peyi Babilòn lan sispann plenn.
Isaiah 47:11Yon malè pral tonbe sou ou, ou p'ap ka detounen l' ak maji ou yo. Yon sèl malè pral tonbe sou ou, ou p'ap ka fè anyen pou ou anpeche l' rive ou. W'a rete konsa, yon boulvès pral tonbe sou ou, yon boulvès ou pa t' janm mete nan tèt ou te ka rive ou.
Jeremiah 51:28Pare tout nasyon yo pou y' al fè lagè ak Babilòn. Voye chache wa yo k'ap gouvènen nan peyi Medi a, ansanm ak tout prefè yo, tout majistra yo, tout lame nan peyi ki sou kontwol yo.
Daniel 2:39Apre ou, va gen yon lòt pèp k'ap pran gouvènman an. Men, gouvènman wa li a p'ap ka wè devan pa ou la. Konsa tou apre sa, va gen yon twazyèm pèp k'ap pran gouvènman an ankò. Se va tankou kwiv devan lò ou la. Li menm tou, l'ap donminen sou tout latè.
Daniel 6:28Zafè Danyèl te mache byen pandan tout rèy wa Dariyis ak wa Siris, moun peyi Pès la.