Daniel 2:41
Ou te wè tou de pye yo ak tout zòtèy yo te mwatye an fè mwatye an tè krich. Sa vle di, ape gen divizyon nan dènye gouvènman an. L'ap yon ti jan solid tankou fè, menm jan ou te wè fè melanje ak tè krich la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Daniel 7:7Antan m'ap gade toujou nan vizyon mwen t'ap fè jou lannwit sa a, yon katriyèm bèt parèt. Li te sovaj anpil. Depi ou gade l' se pou ou pè. Li te gen anpil fòs avèk gwo dan an fè. Li t'ap manje tou sa ki tonbe anba bouch li, li kraze yo ak dan li, li pilonnen rès la anba pye l'. Li pa t' sanble menm ak twa lòt bèt ki te parèt anvan l' yo. Li te gen dis kòn.
Revelation 12:3Yon lòt siy te parèt nan sièl la tou: se te yon gwo dragon wouj. Li te gen sèt tèt ak dis kòn, ak yon kouwòn sou chak tèt li yo.
Revelation 17:12Dis kòn ou wè yo, se dis lòt wa ki poko konmanse gouvènen. Men, y'ap resevwa pouvwa pou yo gouvènen tankou wa pandan yon ti tan ansanm ak bèt la.