Daniel 2:6
Men, si nou rakonte m' rèv mwen te fè a, si nou fè m' konnen sa li vle di, m'ap fè nou kado anpil bagay. M'ap fè bèl bagay pou nou. Annou wè. Rakonte m' rèv la. Di m' sa li vle di.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 22:7Se konsa, chèf fanmi moun Moab yo ak chèf fanmi moun Madyan yo pati. Yo te pote ak yo sa ki te nesesè pou peye konsiltasyon an. Yo rive kay Balaram, epi yo ba li komisyon Balak la.
Numbers 22:37Balak di Balaram konsa: -Ki jan fè mwen voye moun al chache ou, ou pa vin jwenn mwen? Se konprann ou konprann mwen pa ta ka resevwa ou jan ou merite l' la?
Daniel 2:48Wa a mete Danyèl nan yon gwo pozisyon, li fè l' kado anpil bèl bagay, li nonmen l' gouvènè pwovens Babilòn lan, li mete l' sèl chèf sou tout nèg save lavil Babilòn yo.
Daniel 5:16Koulye a, mwen tande ou ka bay esplikasyon pou tout bagay moun pa konprann, ou jwenn solisyon pou tout pwoblèm. Si ou ka li sa ki ekri la a, si ou fè m' konnen sa li vle di, m'ap mete gwo manto wouj la sou ou, m'ap pase yon chenn an lò nan kou ou. Lèfini, m'ap ba ou twazyèm plas apre m' nan gouvènman m' lan.