Daniel 2:48
Wa a mete Danyèl nan yon gwo pozisyon, li fè l' kado anpil bèl bagay, li nonmen l' gouvènè pwovens Babilòn lan, li mete l' sèl chèf sou tout nèg save lavil Babilòn yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 41:41Apre sa, farawon an di Jozèf: -Gade, m'ap mete ou chèf pou gouvènen tout peyi Lejip la.
Numbers 22:16Mesye yo leve vre, y' ale bò kote Balaram, epi yo di l' konsa: -Men sa Balak, pitit Zipò a, voye di ou: Tanpri, pa kite anyen anpeche ou vin bò kote m'.
1 Samuel 17:25Yonn t'ap di lòt: -Gade nonm lan non! Tande jan l'ap mete nou an defi! Si yon moun rive bat nonm sa a, wa a ap fè moun sa a rich, l'ap marye l' ak pitit fi li. Lèfini, l'ap bay tout fanmi l' yo dwa pou yo pa janm bezwen peye ankenn taks nan peyi Izrayèl.
2 Samuel 19:32Bazilayi te yon vye granmoun, li te gen katrevenzan. Li te rich anpil. Se li menm ki te bay wa a tout pwovizyon li te bezwen lè wa a te lavil Manayim.
Job 1:3Li te gen sètmil (07.000) mouton, twamil (03.000) chamo, mil (01.000) tèt bèf, senksan (0500) fenmèl bourik. Li te gen anpil anpil moun ap sèvi avè l'. Nonm sa a, se li ki te pi grannèg nan peyi bò solèy leve a.
Daniel 2:6Men, si nou rakonte m' rèv mwen te fè a, si nou fè m' konnen sa li vle di, m'ap fè nou kado anpil bagay. M'ap fè bèl bagay pou nou. Annou wè. Rakonte m' rèv la. Di m' sa li vle di.