The Bible Software
bible.software › Daniel › Daniel 4 › Daniel 4:19

Daniel 4:19

Lè sa a, Danyèl ki te rele Beltechaza tou, rete yon bon ti tan li pa di anyen, paske tèt li te boulvèse. Wa a di l' konsa: -Beltechaza monchè, pa kite rèv la ak esplikasyon l' lan boulvèse tèt ou! Beltechaza reponn: -Monwa, mwen ta swete rèv la ak tout esplikasyon l' lan pa pou ou, men pou lènmi ou yo, pou moun ki pa vle wè ou yo.

Bib La

In The King James Version

Then Daniel, whose name was Belteshazzar, was astonied for one hour, and his thoughts troubled him. The king spake, and said, Belteshazzar, let not the dream, or the interpretation thereof, trouble thee. Belteshazzar answered and said, My lord, the dream be to them that hate thee, and the interpretation thereof to thine enemies.

In Context

18Men rèv mwen menm, wa Nèbikadneza, mwen te fè a. Koulye a, ou menm Beltechaza, esplike m' sa li vle di. Pa gen yonn nan tout nèg save peyi m' lan ki te ka fè m' konnen sans rèv la. Men ou menm, ou kapab, paske lespri bondye yo nan ou.

20Pyebwa ou te wè ki t'ap grandi, ki t'ap gwosi jouk tèt li rive nan syèl la kifè dènye moun sou latè te ka wè l' la,

Read all of Daniel 4

Cross References

Genesis 31:35Rachèl di papa l' konsa: -Si ou wè mwen pa ka leve kanpe devan ou, ou pa bezwen fache non. Se lalen mwen mwen genyen. Se konsa Laban fouye toupatou, li pa jwenn ti zidòl kay li yo.

Genesis 32:18W'a reponn li: Se pou Jakòb, nèg pa ou la. Se yon kado li voye bay Ezaou, mèt mwen an. Li menm, li dèyè, l'ap vini.

1 Samuel 1:15Ana reponn li: -Se pa sou mwen sou non, mèt! Mwen pa goute ni diven ni ankenn lòt bweson. Se nan gwo lapenn mwen ye. Se louvri m'ap louvri kè m' bay Seyè a. Se rakonte m'ap rakonte Seyè a lapenn mwen.

1 Samuel 24:8Lè sa a, David soti dèyè l', li rele l': -Monwa! Monwa! Sayil vire gade dèyè li. David tonbe ajenou, li bese tèt li jouk atè.

2 Samuel 18:31Apre sa, nonm peyi Letiopi a vin rive. Li di wa a: -Monwa, mwen gen bon nouvèl pou ou! Jòdi a, Seyè a rann ou jistis. Li wete ou anba men tout moun ki te leve dèyè ou yo.

Jeremiah 4:19Ay! Vant mwen! Vant mwen! Tout anndan m' ap fè m' mal! Kè mwen ap bat byen fò. M' pa ka pa pale. Mwen tande twonpèt lagè a ansanm ak rèl moun k'ap atake yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Daniel 4:19

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Daniel 4:18Daniel 4Daniel 4:20 →