Daniel 4:25
Yo pral voye ou byen lwen pou ou pa mache sou moun. Ou pral rete ak bèt nan bwa pandan sètan. Ou pral manje zèb tankou bèf, ou pral dòmi deyò pou lawouze bat ou. Apre sa, w'a rekonèt se Bondye nan syèl la ki kontwole tout chèf sou latè. Se li menm ki bay moun li vle dwa pou yo gouvènen.
Bib La
In The King James Version
In Context
24Bon, koulye a, men sa rèv la vle di monwa. Men sa Bondye ki anwo nan syèl la di ki pral rive ou.
Cross References
Job 30:3Mizè ak grangou te fini ak yo. Lannwit se grenn bwa yo te konn al souse nan savann kote moun pa rete.
Psalms 83:18(083:19) Fè yo konnen se ou menm sèl ki Seyè, se ou menm ki sèl chèf sou tout latè.
Jeremiah 27:5-Se mwen menm avèk gwo kouraj mwen epi ak fòs ponyèt mwen ki fè latè ansanm ak tout moun ak tout bèt k'ap viv sou latè. Mwen pran yo bay moun mwen vle.
Daniel 4:17Se desizyon sa a zanj gadyen yo pran. Se jijman sa a zanj Bondye yo bay. Se pou tout moun sou latè konnen Bondye ki nan syèl la gen pouvwa sou tout chèf. Li bay moun li vle pouvwa pou yo gouvènen. Li pran moun ki pi ba a, li fè l' moute!
Daniel 5:21Yo mete l' deyò, yo voye l' byen lwen, yo pa kite l' mache sou moun. Lespri li tounen tankou lespri yon bèt. Li rete menm kote avèk bourik mawon, li manje zèb tankou bèf, lawouze bat li kou bèt seren. Lèfini, li rekonèt se Bondye ki anwo nan syèl la ki kontwole tout chèf sou latè, se li menm ki bay moun li vle dwa pou yo gouvènen.