Daniel 4:26
Zanj yo te di pou yo te kite chouk la ak tout rasin li yo nan tè. Sa vle di w'ap moute wa ankò lè w'a rekonèt se Bondye nan syèl la k'ap gouvènen sou tout latè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Daniel 2:37Monwa, se ou ki pi gran pase tout wa. Se Bondye nan syèl la ki mete ou wa, li ba ou pouvwa, li ba ou fòs, li fè moun fè lwanj ou.
Daniel 4:23Apre sa, antan wa a t'ap gade, li wè yon zanj Bondye soti nan syèl la desann, epi ki di: Koupe pyebwa a mete l' atè, detwi li. Men, kite chouk la nan tè ak tout rasin li yo. Mare l' ak chenn fèt an fè ak kwiv. Lèfini, kite l' nan mitan zèb yo. Kite lawouze tonbe sou nonm sa a, kite l' viv ak bèt nan bwa yo pandan sètan.
Daniel 5:21Yo mete l' deyò, yo voye l' byen lwen, yo pa kite l' mache sou moun. Lespri li tounen tankou lespri yon bèt. Li rete menm kote avèk bourik mawon, li manje zèb tankou bèf, lawouze bat li kou bèt seren. Lèfini, li rekonèt se Bondye ki anwo nan syèl la ki kontwole tout chèf sou latè, se li menm ki bay moun li vle dwa pou yo gouvènen.
Matthew 21:20Lè disip yo wè sa, yo pa t' manke sezi, yo di li: Kouman pye fig frans lan fè vin chèch nan yon ti moman?
Luke 15:21Pitit la di li: Papa, mwen peche kont Bondye, mwen peche kont ou menm tou; mwen pa merite pou ou konsidere m' pou pitit ou ankò.