Daniel 4:27
Se poutèt sa, monwa, koute konsèy m'ap ba ou. Fè sa ki dwat devan Bondye pou kouvri peche ou yo. Gen pitye pou pòv malere yo pou kouvri tout mechanste ou yo! Konsa, monwa, w'a ka viv alèz ak kè poze pou lontan ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
28Tou sa Danyèl te di a rive wa Nèbikadneza vre.
Cross References
Genesis 41:33Koulye a, se pou farawon an chwazi yon moun ki gen lespri ak bon konprann pou l' mete l' chèf sou tout peyi Lejip la.
Deuteronomy 32:27Men, mwen pa ta vle kite lènmi yo pran pye sou yo. Mwen pa ta renmen pou moun ki pa vle wè m' yo mete nan tèt yo se yo menm ak fòs kouraj yo ki fè sa, pou yo pa di: Seyè a pa gen anyen pou l' wè nan sa.
Job 34:31Men, si yon mechan pale ak Bondye, si li di l': -Wi, mwen te fè sa ki mal. Mwen p'ap fè sa ankò.
Psalms 119:46M'a fè wa yo konnen prensip ou yo, mwen p'ap wont fè sa.
Proverbs 16:6Si ou pa janm vire do bay Bondye, si ou toujou kenbe pawòl ou, Bondye va padonnen peche ou yo. Lè yon moun gen krentif pou Bondye, l'ap evite fè sa ki mal.
Isaiah 10:13Paske l'ap mache di: Se ak fòs ponyèt mwen mwen fè tou sa! Mwen gen bon konprann, mwen gen anpil lespri. Mwen wete bòn ki te make fwontyè pèp yo. Mwen devalize tou sa yo te sere. Tankou gwo towo bèf, mwen kraze tout moun ki t'ap viv la yo anba pye m'.