Daniel 4:35
Li pa pran moun k'ap viv sou latè yo pou anyen. Li fè sa li vle ak lame zanj ki nan syèl la, ansanm ak tout moun ki sou latè. Pesonn pa ka kenbe tèt avè l'. Pesonn pa ka mande l' kont!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 3:18Se konsa Samyèl rapòte l' tout pawòl Seyè a san kache l' anyen. Epi Eli di l': -Se Seyè a li ye, l'a fè tou sa li wè ki bon.
Job 9:12Li pran sa l' bezwen. Pa gen moun ki pou enpoze l' fè l'. Pa gen moun ki ka penmèt yo mande l': Sa w'ap fè la a?
Job 33:12La, Jòb monchè, m'ap reponn ou: ou antò. Paske Bondye pa kanmarad moun.
Job 34:19Li pa nan achte figi chèf yo. Ou te mèt pòv, ou te mèt rich, pa gen diferans pou li, paske se li menm ki fè yo tout.
Job 40:2-Jòb monchè, ou menm ki t'ap kenbe tèt ak Bondye ki gen tout pouvwa a, ou p'ap kite pou li? Ou menm ki t'ap kritike Bondye a, ou vle reponn li koulye a?
Job 42:2-Mwen konnen, Seyè, ou gen tout pouvwa. W'ap fè tou sa ou mete nan tèt ou pou ou fè.