Daniel 5:13
Yo mennen Danyèl devan wa a. Wa a di li: -Se ou menm Danyèl, yonn nan jwif wa Nèbikadneza, papa m', te depòte soti nan peyi Jida mennen isit la?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Ezra 6:16Lè sa a, tout pèp Izrayèl la, prèt yo, moun Levi yo ak tout rès moun ki te tounen yo fè fèt, yo fè gwo seremoni pou mete tanp lan apa pou sèvis Bondye.
Ezra 10:7Yo fè yon piblikasyon nan tout peyi Jida a ak nan lavil Jerizalèm, pou mande tout moun ki te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a pou yo tout te reyini lavil Jerizalèm.
Daniel 1:6Nan jenn gason yo te chwazi yo te gen kat ki te soti nan branch fanmi Jida: se te Danyèl, Ananya, Michayèl ak Azarya.
Daniel 2:25Ajòk prese mennen Danyèl bay wa a. Epi li di: -Monwa, mwen jwenn yon nonm nan jwif yo te depòte yo ki ka di ou sa rèv ou te fè a vle di.
Daniel 5:2Antan yo t'ap bwè konsa, Bèlchaza bay lòd pou y' al pran gwo gode fèt an lò ak gode fèt an ajan papa l', Nèbikadneza, te pran nan tanp lavil Jerizalèm lan. Li te fè chache yo pou l' te bwè ladan yo ansanm ak chèf li yo, madanm li yo ak fanm kay li yo.
Daniel 5:18Monwa, Bondye ki anwo nan syèl la te fè papa ou, Nèbikadneza, wa. Li te ba li pouvwa, otorite ak anpil bèl bagay.