The Bible Software
bible.software › Ezra › Ezra 6 › Ezra 6:16

Ezra 6:16

Lè sa a, tout pèp Izrayèl la, prèt yo, moun Levi yo ak tout rès moun ki te tounen yo fè fèt, yo fè gwo seremoni pou mete tanp lan apa pou sèvis Bondye.

Bib La

In The King James Version

And the children of Israel, the priests, and the Levites, and the rest of the children of the captivity, kept the dedication of this house of God with joy,

In Context

15Travay la fini sou twazyèm jou nan mwa Ada a, nan sizyèm lanne rèy wa Dariyis.

17Yo ofri san (0100) towo, desan (0200) belye mouton, katsan (0400) ti mouton pou yo touye pou mete tanp lan apa pou sèvis Bondye. Yo ofri tou douz bouk kabrit, yonn pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la, pou mande Bondye padon pou peche pèp la.

Read all of Ezra 6

Cross References

Deuteronomy 12:7Se la, devan Seyè a, Bondye nou an, n'a fè fèt, n'a manje ansanm ak tout moun nan fanmi nou yo. Se la n'a fè kè nou kontan chak lè Seyè a va beni nou pou li te fè nou fè bèl rekòt.

1 Chronicles 9:2Premye moun nan pèp Izrayèl la ki te tounen vin rete sou tè yo ak nan lavil yo se te prèt yo, moun Levi yo ak moun k'ap travay nan Tanp lan.

2 Chronicles 7:5Wa Salomon te ofri venndemil (022.000) towo ak sanvenmil (0120.000) mouton pou mande Bondye padon. Se konsa wa a ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo te mete Tanp lan apa pou Seyè a.

2 Chronicles 29:30Apre sa, wa Ezekyas ak lòt chèf yo mande moun Levi yo pou yo chante pou Seyè a chante David ak pwofèt Asaf te ekri pou fè lwanj Seyè a. Se konsa tout moun t'ap chante ak kè kontan, antan yo te ajenou ak tèt yo bese jouk atè.

2 Chronicles 30:26Se te gwo fèt nan lavil Jerizalèm, paske depi sou rèy Salomon, pitit David, wa pèp Izrayèl la, pa t' janm gen bagay konsa lavil Jerizalèm.

Ezra 4:1Lènmi moun Jida yo ak lènmi moun Benjamen yo vin konnen moun ki te tounen soti nan kote yo te depòte yo a t'ap rebati yon kay pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Ezra 6:16

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Ezra 6:15Ezra 6Ezra 6:17 →