The Bible Software
bible.software › Daniel › Daniel 5 › Daniel 5:23

Daniel 5:23

Ou menm tou, ou kenbe tèt ak Seyè ki nan syèl la, ou fè yo pote veso yo te pran nan tanp li a ba ou. Epi ou menm, chèf ou yo, madanm ou yo ak fanm kay ou yo, nou bwè diven ladan yo. Nou fè lwanj pou bondye fèt an lò, an ajan, an kwiv, an fè, an bwa, an wòch, bondye ki pa ka wè, ki pa ka tande, ki pa konn anyen. Men, monwa, Bondye ki kenbe lavi ou nan men l' lan, li menm ki kontwole tou sa w'ap fè yo, ou pa fè lwanj li.

Bib La

In The King James Version

But hast lifted up thyself against the Lord of heaven; and they have brought the vessels of his house before thee, and thou, and thy lords, thy wives, and thy concubines, have drunk wine in them; and thou hast praised the gods of silver, and gold, of brass, iron, wood, and stone, which see not, nor hear, nor know: and the God in whose hand thy breath is, and whose are all thy ways, hast thou not glorified:

In Context

22Men, ou menm Bèlchaza, pitit li, ou pa t' soumèt devan l', atout ou te konnen tout bagay sa yo.

24Se poutèt sa Bondye voye bout men sa a ekri pawòl sa yo.

Read all of Daniel 5

Cross References

Genesis 2:7Lè sa a, Seyè a, Bondye a, pran pousyè tè, li fè yon nonm. Li soufle nan twou nen nonm lan pou l' ba li lavi. Epi nonm lan vin vivan.

Judges 16:23Aprè sa, yon jou, chèf moun Filisti yo te reyini pou fè yon gwo sèvis pou Dagon, bondye yo a. Yo t'ap fè fèt. Yo t'ap di: -Bondye nou an lage Samson, lènmi nou an, nan men nou.

1 Samuel 17:26David mande moun ki te kanpe bò kote l' yo: -Kisa y'a bay moun ki va touye sòlda Filisti a, moun ki va wete pèp Izrayèl la nan gwo wont sa a? Epitou, kisa sòlda Filisti sa a, ki pa moun k'ap sèvi Seyè a, ye menm pou l' mete lame Bondye vivan an an defi vin goumen avè l' la?

2 Kings 14:10Se pou m' di ou, Amasya, ou kraze moun peyi Edon yo. Koulye a, ou santi ou gwonèg anpil. M' byen kontan pou ou. Gonfle lestonmak ou jan ou kapab, men rete sou sa ou fè a. Poukisa pou w'ap chache traka bay kò ou pou sa pase mal ni pou ou ni pou peyi Jida a?

Job 31:4Eske Bondye pa konnen tou sa n'ap fè? Eske li pa wè tout vire tounen m'?

Psalms 104:29Vire ou vire do ou, yo pran tranble. Lè ou wete souf yo, yo mouri frèt, yo tounen nan pousyè kote yo te soti a.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Daniel 5:23

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Daniel 5:22Daniel 5Daniel 5:24 →