Daniel 6:16
Se konsa, wa a bay lòd pou yo pran Danyèl, pou yo jete l' nan gwo twou kote lyon yo ye a. Li di Danyèl konsa: -Mwen mande pou Bondye w'ap sèvi san dezanpare a delivre ou!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Samuel 3:39Atout se wa Bondye chwazi a mwen ye, mwen santi m' fèb jòdi a. Pitit gason Sewouya yo twò mechan pou mwen. Se pou Bondye pini krimenèl sa yo pou mechanste yo fè a.
Psalms 37:39Se Seyè a k'ap sove moun ki mache dwat yo. L'ap sèvi yo defans lè yo nan tray.
Psalms 118:8Pito yon moun chache pwoteksyon anba zèl Seyè a pase pou l' mete konfyans li nan moun.
Isaiah 43:2Lè n'ap pase sou lanmè, m'ap kanpe la avèk nou. Lè n'ap janbe gwo dlo, dlo a p'ap bwote nou ale. Lè n'ap mache nan mitan dife, dife p'ap boule nou. Flanm dife a p'ap fè nou anyen.
Jeremiah 38:5Wa Sedesyas reponn: -Bon! Fè sa nou vle avè l'. Mwen pa ka di nou anyen.
Jeremiah 39:17Men jou sa a m'ap sove ou. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Ou p'ap tonbe nan men moun k'ap fè ou pè yo.