Jeremiah 39:17
Men jou sa a m'ap sove ou. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Ou p'ap tonbe nan men moun k'ap fè ou pè yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 15:1Apre bagay sa yo, Abram fè yon vizyon. Li wè Seyè a ki t'ap pale avè l'. Seyè a di l' konsa. Abram, ou pa bezwen pè anyen. Se mwen menm k'ap pwoteje ou. M' sere yon gwo gwo rekonpans pou ou.
1 Kings 18:15Eli reponn li: -Mwen pran Seyè m'ap sèvi a, Bondye ki gen tout pouvwa a, pou temwen. Jòdi a m'ap parèt devan Akab!
2 Kings 6:16Elize reponn li: —Ou pa bezwen pè! Nou gen plis moun avèk nou pase yo.
Psalms 41:1(041:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (041:2) Ala bon sa bon pou moun ki pran ka pòv yo! Seyè a va delivre l' lè la nan tray.
Psalms 50:15Lè ou nan tray, rele m', m'a delivre ou. W'a fè lwanj mwen.
Jeremiah 1:19Yo tout pral leve dèyè ou. Men, yo p'ap ka fè ou anyen. Paske m'ap kanpe la avè ou pou m' delivre ou. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.