Daniel 6:2
Lèfini, li chwazi Danyèl ak de lòt moun li mete alatèt prefè yo. Reskonsablite yo se te kontwole travay prefè yo pou yo te ka defann enterè wa a.
Bib La
In The King James Version
In Context
1Dariyis deside chwazi sanven (0120) prefè li mete chèf nan tout peyi a.
Cross References
Ezra 4:22Piga nou pote neglijans nan zafè sa a, pou kès wa a pa fè plis defisi pase sa.
Proverbs 3:16Yon bò, bon konprann ap fè moun viv lontan. Yon lòt bò, l'ap bay richès, l'ap fè moun respekte ou.
Daniel 2:48Wa a mete Danyèl nan yon gwo pozisyon, li fè l' kado anpil bèl bagay, li nonmen l' gouvènè pwovens Babilòn lan, li mete l' sèl chèf sou tout nèg save lavil Babilòn yo.
Daniel 5:29Lamenm, wa Bèlchaza bay lòd pou yo mete gwo manto wouj la sou Danyèl, pou yo pase yon chenn an lò nan kou li, lèfini pou yo fè tout moun konnen Danyèl se twazyèm chèf apre li nan gouvènman peyi kote l' wa a.
Luke 16:2Li rele jeran an, li di li: Kisa m' tande y'ap di sou ou konsa? vin fè regleman travay ou avè m', paske mwen p'ap kite byen m' yo sou kont ou ankò.
1 Corinthians 4:2Yon sèl bagay yo mande yon jeran, se pou l' yon moun serye.