Daniel 6:4
Lè sa a, lòt gwo chèf yo ansanm ak prefè yo t'ap chache yon okazyon pou yo antrave Danyèl nan travay leta a. Men, yo pa t' ka jwenn anyen pou yo repwoche l' sitèlman Danyèl te yon nonm serye nan tou sa l'ap fè. Li pa t' pote ankenn neglijans ni pa t' gen ankenn mank nan travay li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 41:38Farawon an di moun pa l' yo: -Ki bò nou ka jwenn yon moun ki gen lespri Bondye sou li tankou nonm sa a?
Judges 14:4Papa l' ak manman l' pa t' konnen se Seyè a ki t'ap pouse Samson fè sa pou l' te ka jwenn yon okazyon gen kont ak moun Filisti yo. Lè sa a, se moun Filisti ki te chèf sou moun pèp Izrayèl yo.
1 Samuel 18:14Men, kote li pase li toujou kraze lènmi yo, paske Seyè a te kanpe avèk li.
1 Samuel 22:14Akimelèk reponn li: -Nan tout moun k'ap sèvi avè ou yo, pa gen yonn ki renmen ou tankou David. Se bofi ou li ye, li fè pati gad kò ou yo. Tout moun lakay ou respekte l'.
Psalms 37:32Mechan an ap veye tout vire tounen moun k'ap mache dwat, l'ap chache jan pou l' touye l'.
Ecclesiastes 4:4Mwen vin wè tout travay di lèzòm ap travay di a, tout bèl bagay y'ap reyalize nan lavi a, se paske yonn vle gen plis pase lòt. Men, sa tou, sa pa vo anyen, sa pa rapòte anyen.