Genesis 41:38
Farawon an di moun pa l' yo: -Ki bò nou ka jwenn yon moun ki gen lespri Bondye sou li tankou nonm sa a?
Bib La
In The King James Version
In Context
37Farawon an ak tout moun pa l' yo te tonbe dakò ak sa Jozèf te di a.
Cross References
Ezra 7:25Ou menm menm, Esdras, avèk bon konprann Bondye ba ou a, w'a chwazi majistra ak jij pou gouvènen tout moun pèp Izrayèl yo k'ap viv dapre lalwa Bondye ou la, nan pwovens lòt bò larivyè Lefrat la. Si genyen ki pa konnen lalwa a, se pou ou fè yo aprann li.
Proverbs 14:35Wa a kontan lè moun k'ap travay avè l' yo fè travay yo byen. Men, l'ap move sou moun k'ap fè travay yo mal.
Daniel 4:6Mwen bay lòd pou yo fè chache tout nèg save ki nan lavil Babilòn pou yo vin ban m' esplikasyon rèv la.
Daniel 4:18Men rèv mwen menm, wa Nèbikadneza, mwen te fè a. Koulye a, ou menm Beltechaza, esplike m' sa li vle di. Pa gen yonn nan tout nèg save peyi m' lan ki te ka fè m' konnen sans rèv la. Men ou menm, ou kapab, paske lespri bondye yo nan ou.
Daniel 5:14Mwen tande ou gen bondye yo avè ou. Ou se yon nonm ki gen anpil lespri, anpil konesans ak anpil bon konprann.
Daniel 6:4Lè sa a, lòt gwo chèf yo ansanm ak prefè yo t'ap chache yon okazyon pou yo antrave Danyèl nan travay leta a. Men, yo pa t' ka jwenn anyen pou yo repwoche l' sitèlman Danyèl te yon nonm serye nan tou sa l'ap fè. Li pa t' pote ankenn neglijans ni pa t' gen ankenn mank nan travay li.