Daniel 8:2
Nan vizyon an, mwen wè mwen te lavil Souz, kapital la ki nan pwovens Elam lan. Mwen te kanpe bò larivyè Oulayi.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 14:1Lè sa a, Anmrafèl te wa Chenea, Ajòk te wa Elaza, Kedòlaòmè te wa Elam, Tideal te wa lòt nasyon yo.
Nehemiah 1:1Men istwa Neemi, pitit gason Akalya a, jan li menm li te rakonte l' la. Se te nan mwa Kislèv. Lè sa a, wa Atagzèsès te gen ventan depi li t'ap gouvènen. Mwen menm, Neemi, mwen te lavil Souz, kapital peyi a.
Esther 2:8Apre yo te fin pibliye lòd wa a, yo mache chache anpil jenn fi, yo mennen yo lakay wa a lavil Souz, kapital la. Estè te ladan yo tou. Se konsa li te lakay wa a, sou kont Egayi ki te reskonsab tout madanm wa yo.
Esther 7:6Estè reponn li: -Moun ki pa vle wè nou an, moun k'ap pèsekite nou an, se Aman, mechan sa a! Aman dekare, li pran tranble devan wa a ak larenn lan.
Esther 9:11Jou sa a, yo fè wa a konnen jwif yo te touye senksan (0500) moun nan lavil Souz, kapital la.
Isaiah 11:11Jou sa a, Seyè a va fè wè fòs ponyèt li yon dezyèm fwa ankò. L'a delivre ti rès pèp li a, ponyen moun ki rete nan sa yo te depòte nan peyi Lasiri, nan peyi Lejip, ak nan tout peyi sa yo: Patwòs, Letiopi, Elam, Babilòn ak Amat, nan tout peyi lakòt yo ak nan tout zile yo.