Daniel 8:22
Kat kòn ou wè ki te pouse apre premye kòn lan te kase a, sa vle di gen kat moun ki pral separe peyi a. Yo chak pral gouvènen bò pa yo. Men, peyi a p'ap janm gen menm fòs la ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
21Bouk kabrit la menm se wa peyi Lagrès la. Gwo kòn ou te wè nan mitan je l' yo se te premye wa a.
Cross References
Daniel 8:3Mwen leve je m' gade, mwen wè yon belye mouton ki te kanpe bò larivyè a. Li te gen de kòn byen long ki pa t' pouse menm lè. Sa ki te pouse apre a te pi long pase premye a.
Daniel 11:4Men, lè l'a fin chita pouvwa li byen chita, gwo peyi l'ap gouvènen an pral separe fè kat pòsyon. Men, se p'ap pitit li yo ki pral gouvènen nan plas li. Se va kat lòt moun. Men, yo p'ap gen pouvwa li menm li te genyen an.