Daniel 8:23
Lè ti wa sa yo va rive nan bout yo, lè y'a fin fè kont peche yo, gen yon wa k'ap parèt, l'ap san respè pou Bondye, l'ap woule tout moun.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 24:24Lè sa a, moun ap soti lavil Kitim nan bato vin anvayi peyi a. Yo pral kraze peyi Lasiri ak lavil Babilòn. Men, ata moun Kitim yo gen pou disparèt nèt tou.
Ezekiel 38:8Apre kèk tan m'ap ba li lòd pou l' al anvayi yon peyi kote moun ki te rive chape nan lagè yo te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo. Wi, li pral anvayi mòn peyi Izrayèl yo ki te rete pandan lontan tankou yon dezè. Men, moun peyi Izrayèl yo soti nan mitan moun lòt nasyon yo. Koulye a y'ap viv lakay yo ak kè poze, san ankenn danje.
Daniel 7:8Antan m'ap gade kòn yo konsa, mwen wè yon lòt ti kòn tou piti k'ap pouse nan mitan yo. Li rache twa nan kòn ki te la deja yo. Ti kòn sa a te gen je tankou moun ak yon bouch ki t'ap di tout kalite pawòl awogan pou joure Bondye.
Daniel 7:20Mwen te vle plis esplikasyon sou dis kòn ki te sou tèt li yo ak sou ti kòn ki te parèt apre a epi ki te fè twa nan lòt kòn yo tonbe. Ti kòn sa a te gen je tankou moun ak yon bouch ki t'ap di tout kalite pawòl awogan pou joure Bondye. Li te parèt pi gwo pase tout lòt yo.
Daniel 8:9Yon ti kòn pouse sou yonn nan kòn sa yo. Li grandi, li mache fè lagè ak moun peyi nan sid la, moun peyi bò solèy leve a ak moun peyi ki pi bèl pase tout lòt yo.
Daniel 10:14Mwen vin fè ou konprann sa ki pral rive pèp ou a nan jou k'ap vini yo. Vizyon an fè ou wè sa ki pral rive jou sa yo.