Daniel 8:26
Vizyon ou te fè pou maten ak aswè yo gen pou rive vre jan yo te esplike ou li a. Men, pa di anyen sou sa, paske l'ap pran yon bon ti tan anvan li rive vre.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Ezekiel 12:27-Nonm o! Moun pèp Izrayèl yo ap di vizyon w'ap fè a poko prèt pou l' rive. Mesaj w'ap bay yo, se pa pou yo, y'a gen tan mouri anvan sa ou di a rive.
Daniel 10:1Siris t'ap mache sou twazan depi l' te wa nan peyi Pès lè Bondye fè Danyèl, ki te rele Beltechaza tou, konnen yon mesaj. Se te bon koze sou gwo batay ki gen pou fèt la. Se nan yon vizyon yo te fè l' konprann mesaj la.
Daniel 12:4Li di m' ankò: -Bon. Koulye a, Danyèl, fèmen liv la. Sele l' byen sele jouk lè a va rive pou tout bagay fini. Anpil moun pral bat kò yo pou yo konprann sa k'ap pase. Lè sa a, plis konesans pral gaye toupatou sou latè.
Hosea 3:3Mwen di l'. -Ou pral rete avè m' atò, machè! Ou pral sispann lage kò ou nan dezòd. Ou pa pral kouche ak ankenn gason. Mwen menm tou, mwen p'ap nan kouche avè ou.
Revelation 22:10Apre sa, li di mwen: Pa sere pawòl Bondye ki nan liv sa a. Paske, anvan lontan tout bagay sa yo pral rive.