Daniel 8:27
Lè sa a, mwen santi mwen t'ap faya. Mwen pase kèk jou malad. Apre sa, mwen leve, m' al fè travay wa a te ban m' fè a. Men, vizyon an t'ap boulvèse lespri m' toujou, m' pa t' ka konprann li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Daniel 2:48Wa a mete Danyèl nan yon gwo pozisyon, li fè l' kado anpil bèl bagay, li nonmen l' gouvènè pwovens Babilòn lan, li mete l' sèl chèf sou tout nèg save lavil Babilòn yo.
Daniel 6:2Lèfini, li chwazi Danyèl ak de lòt moun li mete alatèt prefè yo. Reskonsablite yo se te kontwole travay prefè yo pou yo te ka defann enterè wa a.
Daniel 8:2Nan vizyon an, mwen wè mwen te lavil Souz, kapital la ki nan pwovens Elam lan. Mwen te kanpe bò larivyè Oulayi.
Daniel 10:8Mwen menm, mwen te rete la pou kont mwen. Mwen t'ap gade gwo vizyon an. Mwen santi m' pa t' gen fòs menm, figi m' te dekonpoze. Pa gen moun ki ta ka rekonèt mwen.
Habakkuk 3:16Mwen tande tou sa. Vant mwen bouyi! Lè m' tande tout bri sa yo, bouch mwen pran tranble. Tout zo nan kò m' ap fè m' mal. M' pa ka kanpe sou janm mwen ankò! Mwen rete byen trankil, m'ap tann jou malè a rive, jou Bondye pral mache pran moun k'ap chache nou kont yo.