Daniel 8:7
Mwen wè l' atake belye mouton an. Li move sou li, li frape l', li kase de kòn li yo. Belye mouton an pa t' gen fòs pou kenbe tèt ak li. Bouk kabrit la jete l' atè, li pilonnen l' anba pye l'. Pat gen pesonn pou wete belye a anba pat bouk kabrit la.
Bib La
In The King James Version
In Context
6Li mache sou belye mouton mwen te wè kanpe bò larivyè a ak de kòn lan. Li vare sou li ak tout fòs.
Cross References
Leviticus 26:37Y'ap tonbe yonn sou lòt tankou nan lagè san pa gen pesonn k'ap kouri dèyè yo. Yo p'ap fouti kanpe pou yo goumen ak lènmi yo.
Daniel 7:7Antan m'ap gade toujou nan vizyon mwen t'ap fè jou lannwit sa a, yon katriyèm bèt parèt. Li te sovaj anpil. Depi ou gade l' se pou ou pè. Li te gen anpil fòs avèk gwo dan an fè. Li t'ap manje tou sa ki tonbe anba bouch li, li kraze yo ak dan li, li pilonnen rès la anba pye l'. Li pa t' sanble menm ak twa lòt bèt ki te parèt anvan l' yo. Li te gen dis kòn.
Daniel 11:11Wa peyi Lejip la pral fache. Li pral leve yon gwo lame pou li al goumen ak wa peyi Siri a, l'ap fè tout sòlda lame wa peyi Siri a prizonye.