Leviticus 26:37
Y'ap tonbe yonn sou lòt tankou nan lagè san pa gen pesonn k'ap kouri dèyè yo. Yo p'ap fouti kanpe pou yo goumen ak lènmi yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
38N'a mouri nan peyi kote yo te depòte nou yo. Y'a antere nou nan peyi moun ki pa vle wè nou yo.
Cross References
Leviticus 26:17M'a vire do ban nou, epi lènmi nou va bat nou. Moun ki pa vle wè nou yo va donminen sou nou. N'a rete konsa, n'a pran kouri san pa gen pesonn k'ap kouri dèyè nou.
Joshua 7:12Se poutèt sa, pèp Izrayèl la p'ap ka kanpe devan lènmi l' yo. Yo gen pou yo kouri devan lènmi yo, paske koulye a se yo menm ki gen pou mouri. Mwen p'ap kanpe la avèk yo ankò, si bagay mwen te ban nou lòd pa pran an nou pa wete l' nan mitan nou pou nou detwi l' tou.
Judges 7:22Antan twasan moun Jedeyon yo t'ap kònen twonpèt yo, Seyè a menm t'ap fè moun Madyan yo yonn ap goumen ak lòt. Sa ki chape yo pran kouri nan direksyon Bèt-Chita bò Serera rive jouk bò lavil Abèl Meola, toupre Tabat.
1 Samuel 14:15Tout moun Filisti ki te nan kan an, nan tout plenn lan, vin pè anpil. Sòlda yo te mete an avangad yo ak tout rès lame a te vin pè tou. Tè a pran tranble, te gen yon gwo kouri nan tout peyi a.
Jeremiah 37:10Menm si nou ta rive kraze tout lame moun Babilòn k'ap fè nou lagè a epi se sa ki blese yo ase nou kite kouche anba tant yo, yo tout y'ap leve, y'ap vin boule lavil la ratè.