Daniel 9:5
Nou peche, nou fè mechanste, nou fè sa ki mal, nou vire do ba ou, nou pa fè sa ou te mande nou fè, ni sa ou te ban nou lòd fè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 8:47antan yo la nan peyi kote lènmi yo te depòte yo a, si yo règrèt sa yo te fè, si yo lapriyè nan pye ou, si yo rekonèt yo te fè sa ki mal, si yo rekonèt yo te peche, si yo rekonèt yo antò,
2 Kings 21:15M'ap fè pèp mwen an sa paske yo fè sa ki mal devan m', yo fè m' fache anpil depi jou zansèt yo te soti kite peyi Lejip jouk jounen jòdi a.
Ezra 9:6Mwen di l' konsa: -O Bondye papa m'! Mwen twò wont, mwen pa konn sa pou m' fè! M' pa ka leve tèt mwen devan ou, Bondye mwen! Nou tèlman fè sa ki mal, yo fè pil moute pi wo pase tèt nou. Peche nou yo anpile yonn sou lòt, yo rive jouk nan syèl la.
Nehemiah 9:33Nan tou sa ki rive nou an, ou te gen rezon ou nan pla men ou. Paske, ou menm ou toujou kenbe pawòl ou. Se nou menm ki toujou ap fè sa ki mal.
Psalms 106:6Tankou zansèt nou yo, nou te peche, nou te fè mechanste, nou te fè sa ki mal.
Isaiah 53:6Nou te tankou mouton ki te pèdi bann, chak moun bò pa yo. Men, chatiman ki pou te tonbe sou nou an, Seyè a fè l' tonbe sou li.