Isaiah 53:6
Nou te tankou mouton ki te pèdi bann, chak moun bò pa yo. Men, chatiman ki pou te tonbe sou nou an, Seyè a fè l' tonbe sou li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 22:6Abraram pran bwa pou fè dife a, li bay Izarak pote li. Li menm, li pote bagay pou limen dife a ansanm ak yon kouto nan men l'. Yo tout de pati ansanm.
Psalms 69:4(069:5) Gen yon bann moun ki rayi m' san m' pa fè yo anyen. Yo pi plis pase cheve nan tèt mwen. Gen yon seri moun ki rete konsa yo fè m' lènmi, yo pi fò pase m', y'ap chache touye mwen. Yo fè m' renmèt sa m' pa pran.
Isaiah 53:10Men, se te volonte Bondye pou yo te kraze l' anba soufrans konsa, pou l' te bay lavi li pou Bondye te ka padonnen peche nou yo. L'a wè pitit pitit li yo. L'a viv pi lontan toujou. Se konsa travay Seyè a va mache byen nan men l'.
Isaiah 56:11Yo tankou chen aloufa, anyen pa janm kont yo. Se yon bann chèf san konprann. Yo tout fè sa yo pito. Se avantaj yo ase y'ap defann.
Jeremiah 50:6Pèp mwen an te tankou mouton ki pèdi bann yo. Se gadò yo ki te lage yo, kifè yo gaye nan mòn yo. Y'ap mache pwonmennen nan tout mòn yo. Yo pèdi chemen kay yo.
Matthew 18:12Sa nou konprann nan sa? Si yon nonm gen san mouton, epi li rete konsa li pa wè yonn ladan yo, èske li p'ap kite katrevendiznèf lòt yo sou mòn lan, pou li ale chache mouton ki pèdi a?