Deuteronomy 1:21
Gade, men peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou an. Ale non, pran peyi a pou nou, jan Seyè a, Bondye zansèt nou yo, te di l' la. Nou pa bezwen pè, kè nou pa pou janm kase.
Bib La
In The King James Version
In Context
20Lè sa a, mwen di nou: Men nou rive nan mòn peyi Amori yo, peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou an.
Cross References
Numbers 13:30Kalèb fè moun yo sispann bougonnen sou do Moyiz, li di yo konsa: -Ann moute koulye a. Ann al pran peyi a pou nou. Pa gen anyen la a nou pa ka fè!
Numbers 14:9Sèlman, pa kenbe tèt ak Seyè a! Nou pa bezwen pè moun k'ap viv nan peyi sa a. N'ap manje yo tankou kann. Bondye ki t'ap pwoteje yo a kouri mete deyò. Men Seyè a kanpe la avèk nou. Nou pa bezwen pè yo.
Deuteronomy 7:21Nou pa bezwen pè moun sa yo menm. Seyè a, Bondye nou an, kanpe la avèk nou. Se yon Bondye ki gen anpil pouvwa, yon Bondye ki fè tout moun respekte l'.
Deuteronomy 20:3L'a di yo: -Koute byen, moun Izrayèl yo: Jòdi a nou pral goumen kont lènmi nou yo. Kè nou pa bezwen sote. Nou pa bezwen pè, nou pa bezwen tranble, ni nou pa bezwen kouri pou yo.
Joshua 1:6Mete gason sou ou! Pa janm dekouraje, paske se ou menm ki pral fè pèp la antre pran peyi mwen te fè sèman m'ap bay zansèt yo a.
Psalms 27:1Se yon sòm David. Seyè a se limyè mwen, se li ki delivrans mwen. Ki moun ki ka fè m' pè? Se Seyè a k'ap pwoteje mwen. Ki moun ki ka fè m' tranble?