Deuteronomy 1:27
Nou antre lakay nou, nou pran plenyen. Epi nou di se vle Seyè a pa vle wè nou! Se poutèt sa li fè nou soti kite peyi Lejip pou l' lage nou nan men moun peyi Amori yo pou yo ka fini ak nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 16:8Apre sa, Moyiz di yo: -Se Seyè a k'ap ban nou vyann pou nou manje chak swa. Se li k'ap ban nou kantite pen nou bezwen chak maten, paske Seyè a tande tout bougonnen n'ap bougonnen sou li a. Nou menm, kisa nou ye? Se pa sou nou n'ap bougonnen, men se sou Seyè a n'ap bougonnen.
Numbers 21:5Pèp la pale Bondye ansanm ak Moyiz mal, yo leve dèyè yo, yo di konsa: -Poukisa nou fè nou soti kite peyi Lejip la? Gen lè se pou fè nou vin mouri nan dezè sa a kote ki pa gen ni manje ni dlo. Nou bouke manje vye manje sa a ki pa ka fè anyen pou nou ankò.
Psalms 106:25Yo rete anba tant yo, y'ap bougonnen. Yo pa t' vle koute Seyè a.
Luke 19:21Mwen te pè ou, paske ou se yon nonm ki di: ou pran sa ki pa pou ou, ou rekòlte sa ou pa simen.