Exodus 16:8
Apre sa, Moyiz di yo: -Se Seyè a k'ap ban nou vyann pou nou manje chak swa. Se li k'ap ban nou kantite pen nou bezwen chak maten, paske Seyè a tande tout bougonnen n'ap bougonnen sou li a. Nou menm, kisa nou ye? Se pa sou nou n'ap bougonnen, men se sou Seyè a n'ap bougonnen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 16:9Lè sa a Moyiz di Arawon: -Men sa pou ou di tout moun pèp Izrayèl yo: Pwoche vin devan Seyè a paske li tande jan n'ap plenyen an.
Numbers 11:18W'a di pèp la menm: Pran nwit la pou nou pare kò nou pou nou ka fè sèvis pou mwen denmen maten. Epi n'a jwenn vyann pou nou manje. Seyè a te tande jan nou t'ap plenyen nan zòrèy li, jan nou t'ap di nou ta renmen jwenn vyann pou nou manje. Nou te pi bon lè nou te nan peyi Lejip. Koulye a, Seyè a pral ban nou vyann. Se pou nou manje l' ban mwen.
Numbers 21:7Pèp la vin jwenn Moyiz, yo di l' konsa: -Nou rekonèt nou fè sa ki mal lè nou pale kont Seyè a ak kont ou menm tou. Tanpri, lapriyè Seyè a pou nou pou l' fè sèpan sa yo ale. Moyiz lapriyè pou pèp la vre.
Isaiah 32:6Moun sòt yo ap plede di yon bann vye koze san sans. Y'ap fè move lide nan tèt yo. Konsa, y'ap fè bagay Bondye pa vle moun fè, y'ap bay manti sou Bondye. Yo p'ap janm bay moun ki grangou yon ti manje, yo p'ap janm bay moun ki swaf dlo yon ti gout dlo pou yo bwè.
Matthew 9:4Men, Jezi te gen tan konnen sa ki t'ap pase nan tèt yo. Li di yo: Poukisa n'ap fè move lide konsa nan tèt nou?
Luke 10:16Li di disip li yo ankò: Moun ki koute nou, se mwen menm yo koute. Moun ki repouse nou, se mwen menm yo repouse. Moun ki repouse m', se moun ki voye m' lan yo repouse.