Deuteronomy 11:22
Si nou swiv pwen pa pwen tout kòmandman mwen ban nou lòd pou nou swiv yo, si nou renmen Seyè a, Bondye nou an, si nou mache sou chemen li mete devan nou an, si nou pa janm lage l',
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 6:17Se pou nou kenbe tout kòmandman Seyè a ansanm ak tout lòd ak tout prensip li ban nou pou nou swiv.
Deuteronomy 11:13Nou mèt sèten, si nou mache dapre kòmandman mwen ban nou jòdi a, si nou renmen Seyè a, Bondye nou an, si nou sèvi l' ak tout kè nou ak tout nanm nou,
Deuteronomy 30:20renmen Seyè a, Bondye nou an. Koute l'. Pa lage l' menm, paske se li menm ki tout lavi nou, se li k'ap fè nou viv lontan nan peyi Seyè a te fè pwomès li t'ap bay Abraram, Izarak ak Jakòb, zansèt nou yo.
Acts 11:23Lè Banabas rive, li wè ki jan Bondye t'ap beni disip yo. Li pa t' manke kontan, li t'ap ankouraje yo pou yo tout te kenbe fèm ak tout kè yo nan sèvis Seyè a san dekouraje.
2 Timothy 4:8Koulye a, se rekonpans mwen m'ap tann pou lavi dwat mwen te mennen an. Lè gran jou a va rive, Seyè k'ap jije san patipri a ap mete rekonpans mwen an tankou yon kouwòn sou tèt mwen. Men, se pa mwen ase l'ap bay li. Tout moun k'ap tann ak tout kè yo lè la gen pou l' parèt la, va resevwa l' tou.