2 Timothy 4:8
Koulye a, se rekonpans mwen m'ap tann pou lavi dwat mwen te mennen an. Lè gran jou a va rive, Seyè k'ap jije san patipri a ap mete rekonpans mwen an tankou yon kouwòn sou tèt mwen. Men, se pa mwen ase l'ap bay li. Tout moun k'ap tann ak tout kè yo lè la gen pou l' parèt la, va resevwa l' tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
9Fè posib ou vin jwenn mwen touswit.
Cross References
Psalms 7:11(07:12) Bondye se yon jij ki san patipri: Li toujou kondannen mechan yo.
Proverbs 4:9Se va yon bèl bagay pou ou, tankou yon kouwòn sou tèt ou. Se va yon lwanj pou ou kote ou pase.
Matthew 6:19Pa anpile richès nou isit sou latè, kote vè ak lawouj ap manje yo, kote vòlè kapab vòlè yo pote ale.
Matthew 24:36Men, pesonn pa konnen ni ki jou, ni ki lè sa va rive, pa menm zanj yo ki nan syèl la, pa menm Pitit la. Sèl Papa a konn sa.
Romans 2:5Men, w'ap fè tèt di. Ou pa soti pou chanje lavi ou. Se poutèt sa, w'ap pare yon pi gwo chatiman mete la tann ou pou jou Bondye va fè wè kòlè li ansanm ak jijman li k'ap fèt san patipri.
1 Corinthians 2:9Men, jan sa te ekri nan Liv la: Bagay pesonn pa t' janm wè, ni pa t' janm tande, bagay ankenn moun pa t' janm mete nan tèt yo, se sa Bondye te pare pou moun ki renmen li.