Deuteronomy 15:21
Men, si l'ap bwete, osinon si li pèdi yon je, oswa si li gen nenpòt lòt enfimite ki konsekan, se pa pou nou touye l' pou Seyè a, Bondye nou an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 22:19se pou l' chwazi yon towo bèf, yon belye osinon yon bouk kabrit san ankenn enfimite si li vle pou m' asepte ofrann lan.
Leviticus 22:23Lè nou menm nou fè lide fè yon ofrann pou Seyè a, nou ka ofri yon towo bèf osinon yon belye ki difòm osinon ki kata. Men, nou pa ka sèvi ak yo pou yon ofrann n'ap fè paske nou te fè yon ve. Mwen p'ap asepte l'.
Malachi 1:7Men ki jan: nou pran manje ki pa bon pou fè sèvis pou mwen, nou ofri l' sou lotèl la ban mwen. Epi n'ap di: nou pa wè ki jan nou derespekte ou la a? Mwen menm, mwen di nou se lè nou di lotèl Seyè a pa merite yo respekte l'.