Leviticus 22:19
se pou l' chwazi yon towo bèf, yon belye osinon yon bouk kabrit san ankenn enfimite si li vle pou m' asepte ofrann lan.
Bib La
In The King James Version
In Context
20Si nou ofri yon bèt ki gen nenpòt enfimite, Seyè a p'ap asepte l' nan men nou.
Cross References
Exodus 12:5Se pou ti bèt nou chwazi a yon timal ki gen ennan, epi ki pa gen ankenn enfimite, li te mèt mouton, li te mèt kabrit.
Leviticus 1:3Si se yon gwo bèt li vle ofri pou yo boule pou Seyè a, l'a mennen yon towo bèf ki pa gen ankenn enfimite. L'a vin avè l' jouk devan pòt Tant Randevou a pou Seyè a ka asepte l'.
Leviticus 4:32Si se yon ti mouton moun lan ap ofri pou wete peche li fè a, se yon ti fenmèl ki pa gen ankenn enfimite pou l' mennen.
Matthew 27:19Antan Pilat te chita sou fotèy jij li nan tribinal la, madanm li voye di li: Nonm sa a inonsan tande. Pa mele nan zafè sa a. Paske yèswa, mwen soufri anpil poutèt li nan dòmi.
Matthew 27:54Lè ofisye lame a ansanm ak gad ki t'ap veye Jezi ansanm avè l' yo wè tranblemanntè a ak tou sa ki te pase, yon sèl lapè pran yo. Yo di: Se vre wi, nonm sa a te Pitit Bondye.
Luke 23:41Pou nou menm se jistis, paske nou resevwa sa nou merite pou krim nou fè. Men li menm, li pa fè anyen.